SOIL Fòmasyon EkoSan 28 Mas

[Read this information in English.]

SOIL òganize tanzantan atelye pou montre SOIL sèvi ak teknoloji sanitasyon ekolojik (EkoSan) an Ayiti.

Fòmasyon sa gen ladan yon rezime de pwogram yo nou, kom pa egzamp: teknoloji ke nou sèvi, leson nou te aprann nan developman teknoloji sa, e pwopozisyon pou amelyore koman teknoloji sa ka aplike pi byen.

Atelye yo fèt nan Pòtopwens ak Òkap, e nou ofri yo nan anglè e kreyol an wotasyon.  Sa vlé di: yon fwa an anglè e lot fwa an kreyol.

 

Enfòmasyon

Dat

Vandredi, 28 Mas
8:00 am – 3:00 pm

Location

Route Grand Trou, Habitation Montagne Noir
3e Section Roucou, Commune Limonade

Lang

Nou pral ofri atelye sa an kreyol.

Ajanda

8:00-12:00
Anrejistreman e byen vini
Entwodiksyon sou Sanitasyon Ekolojik  ak  SOIL
Twalèt EkoSan Yo
Sistèm konpostaj
Aplikasyon konpòs ak pipi nan agrikilti

12:00-1:00
Poz manje, ak pataje lide youn ak lòt

1:00-3:00
Prezantasyon sijè ak fòmasyon atelye yo
Diskisyon
Vizite sit yo
Evalyasyon ak mo remèsiman

Fre

Fre anrejistreman ak patisipasyon se $100 mériken.  Li tou inkli ladan rafrechisman, kafe, ak dine (manje a midi) pou chak patisipan. Nou ka fè pèman an kach ou byen chèk, nan biwo SOIL ou byen nan matin nan sant fòmasyon an avan atelye-a komanse.  Pou mande yon bousetid, tanpwi ranpli seksyon an apwopriye nan fòm anrejistreman.

Anrejistreman

Prezans yo limite. Tanpwi, ranpli fòm sa pou anrejistre e rezève plas ou:  Fòm pou Anrejistreman.

Plis Kesyon?

Si ou genyen plis kesyon, tanpwi voye yon imèl nan [email protected]

 


No Replies to "SOIL Fòmasyon EkoSan 28 Mas"


    Got something to say?

    Some html is OK