Ankèt Peman Anliy
SOIL ap lanse yon nouvo sistèm pèman anliy pou moun kap peye pou tèt yo oubyen moun kap bay sipò a fanmi ak zanmi yo an Ayiti oubyen kontribye nan sante ak yon kominote pi djanm nan Depatman Nò Dayiti. N ap pataje ankèt sa avè w kòm moun ki ka entèrese itilize nouvo opsyon pèman sa pou jwenn avi pa w e kòmantè pou asire ke sistèm sa reponn ak bezwen itilizatè yo.
SÈVIS ASENISMAN EKOLOJIK SOIL
EkoLakay se yon sèvis twalèt prive pou fanmi. Li pote sèvis regilyèman (chèchè dechè e livre materyo pou sèvi avè l). EkoLakay disponib nan plizyè komin nan rejyon ibèn nan Kap Ayisyen.

Kat zòn sèvis EkoLakay nan vil Okap. Remak – pou kounya a nou pa sèvi Milo, pi lwen pase Dibou/Limonad nan lès oswa Odikap nan sidwès.
Moun ki peye anliy kapab sipòte;
1.) Kliyan EkoLakay ou rekonèt (fanmi, zanmi, elatriye)
2.) Ede yon moun ou konnen nan rejyon Kap Ayisyen ki rete nan zòn sèvis nou yo enskri nan EkoLakay
3.) Sèvis EkoLakay ak sante kominotè e anviwonman nan Depatman Nò Dayiti an jeneral: BAY SOIL

A goch: Yon manm ekip EkoLakay ap montre yon nouvo kliyan kijan pou l sèvi ak twalèt la epi eksplike sèvis EkoLakay la. A dwat: Ekip EkoLakay la bay sèvis koleksyon dechè chak semèn pou kliyan yo.
KONTÈKS
Nivo enflasyon nan peyi Dayiti genyen gwo enpak sou kou sèvis EkoLakay la nan Kap Ayisyen depi SOIL te lanse nan 2011. Sa fè kou sèvis la pi chè pou SOIL pandan sitiyasyon ekonomik kliyan nou yo afèbli tou.
Aktyèlman, kliyan EkoLakay peye 350HTG pa mwa (anviwon $2-3 USD pa mwa) men Kou Dirèk pou EkoLakay pa kliyan se 1400 HTG ($9 USD) nan mwa Avril 2023. Jiskaprezan, SOIL itilize sibvansyon ak donasyon sèlman pou kouvri diferans ant revni e kou pou kenbe pri a abòdab pou kliyan ak moun nan zòn sèvis ki vle antre nan sèvis la.
SOIL kontinye chèche nouvo opsyon inovan pou ogmante fon li e kontinye elaji sèvis la nan yon fason dirab. Ankèt sa se yon zouti pou konprann nivo e preferans moun ki te ka peye pou EkoLakay anliy pou lòt moun jwenn sèvis la. Sa tap ede nou kenbe aksè sèvis la pou kliyan menmsi yo pa gen mwayen pou peye. Epitou li te ka petet ede n leve plis revni pou kouvro vrè kou direk pou ofri sèvis la.
Souple reponn a kesyon anba yo…