Avi rekritman

Rezime:

SOIL (Sustainable Organic Integrated Livelihoods) travay an Ayiti pou transfòme dechè an resous itil depi lane 2006. Misyon nou se kore diyite, lasante ak travay sosyal dirab nan transfomasyon dechè an resous enpòtan pou lanati. Sèvis EkoLakay se yon sevis twalèt inovatif ke SOIL lanse depi 2011 nan Okap. EkoLakay genyen pliske 1000 kliyan nan zon Kap-Ayisyen epi yon lot 100 kliyan nan Potoprens ki anrejistre pou sèvis sa epi peye mansyèlman pou yon koleksyon ki fasilite tout matyè a trete e transfòme nan yon konpòs. Konpòs sa, ki rele Konpos Lakay, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikòl la. SOIL  ak ekip EkoLakay la genyen objektif pou agrandi sèvis la pou li ka genyen 8000 kliyan pou lane 2025.

Direksyon SOIL vle avèti tout moun ke li genyen yon pòs vid nan Depatman Vant ki rele Ajan Vant EkoLakay.

Ajan Vant Eko Lakay se yon nouvo pos anndan SOIL ki pral gen pou responsablite pou atenn tout objektif ki konsène vant pou sèvis Ekolakay.

Tit Pòs laAjan de Vant EkoLakay
Nonb de pos2
LokalOkap
DireEndetèmine aprè 3 mwa pwobasyon
Telefon Biwo(509) 4212-3636
Zòn entèvansyonDepatman Nò Ayiti
DisponibliteTan plen
Dat piblikasyon 28 Fevrye 2020
Dat limit16 Mas 2020

Tach Prensipal:

  • Responsab Vant, pou EkoLakay nan Okap ak tout lòt nouvo zòn nan Depatman Nò, epi pwogrè sou endikatè pèfomans kle ki asosye ak vant.
  • Travay pou atenn 100% objektif vant ki fikse chak mwa
  • Travay pou kenbe 100% kliyan nan sèvis Eko Lakay la chak mwa
  • Asire ke 100% kliyan yo peye a lè nan objektif pou redui to pèdi kliyan
  • Responsab tout aktivite Maketin nan zòn aktyèl e nan tout nouvo zòn EkoLakay
  • Responsab pou byen jere lajan ki atribye pou aktivite Maketin pandan baz kliyantèl ap ogmante
  • Asire ke tout kliyan yo byen konprann benefis ak avantaj sèvis ak pwodui EkoLakay
  • Travay nan bon kolaborasyon  ak tout lòt ekip nan SOIL ki gen rapò dirèk oubyen endirèk ak pòs paw
  • Etabli bon kontak ak tout otorite lokal, notab ki nan zòn ou responsab pou ka fasilite tout aktivite Eko Lakay
  • Jesyon ak distribisyon tout materyèl Maketin pou Konpòs Lakay

Sipèvizyon:

Pos sa sipèvizè direktèman pa Manadjè Senyò Vant SOIL la

Kritè

Fòmasyon ak Eksperyans

  • Diplòm nan Marketing ak Vant, nan Jesyon oswa lòt disiplin ki asosye
  • Siksè nan vant nan yon antrepriz lokal pandan 3 zan pou piti
  • Bon kapasite nan analiz done pou pran desizyon ki baze sou rezilta
  • Lanmou pou metye Vant  epi gen lespri konpetitif
  • Bon konpetans/konesans nan sèvis kliyantèl
  • Oryante sou sastifaksyon kliyan ak rezilta
  • Bon kapasite pou
    • bati relasyon ak moun epi pou kominike
    • jwe wòl entèmedyè ant kliyan ak antrepriz la pandan wap defann enterè tou 2
    • konvenk epi jere moun
    • travay ak tout kouch sosyal nan milye difisil
    • pran bon inisyativ
    • koute e pote solisyon
    • adapte rapid epi pou travay anba presyon
    • aji avan yon pwoblèm rive (proactivité)
    • fòme kliyan sou avantaj ak benefis yon sèvis
  • Trè disipline ak anpil rigè
  • Pèmi pou kondwi moto

Atou enpòtan

  • Eksperyans travay pwòch/kolaborasyon ak otorite Ayisyen nan kad maketin oswa relasyon gouvenmantal
  • Bon konpetans ak eksperyans nan Vant ak Distribisyon
  • Esperyans nan jesyon teritwa, zòn ou byen depatman
  • Bon eksperyans nan jesyon ak devlopman gwo pòtfèy kliyan
  • Konpreyansyon onivo sektè asenisman an Ayiti
  • Bon prezantasyon
  • Bon konesans anglè
  • Pèmi pou kondui machin

Pwosedi Rekwitman

Pou moun ki enterese nan pòs sa yo, Direksyon SOIL ap mande kandida a dokiman sa yo:

  • CV
  • Kopi diplòm
  • 3 referans, omwen de (2) nan yo dwe yon referans pwofesyonèl.

Si’w wè ke w reponn a kritè yo epi’w enterese nan pòs sa, souple voye yon imèl ak tout dokiman yo nan adrès sa: [email protected] epi ekri tit pòs la (Ajan vant EkoLakay) nan objè imel la.  Dat final pou resepsyon dosye yo 16 Mas 2020.

N.B: Nou ankouraje fanm yo aplike pou pòs sa.

INTERESTED IN OTHER POSITIONS?

Sign up to receive email announcements of future job and internship openings at SOIL here.


No Replies to "Avi rekritman"


    Got something to say?

    Some html is OK