Avi rekritman: Manadjè Ekolakay
Rezime:
SOIL (Sustainable Organic Integrated Livelihoods) travay an Ayiti pou transfòme dechè an resous itil depi lane 2006. Misyon nou se kore diyite, lasante ak travay sosyal dirab nan transfomasyon dechè an resous enpòtan pou lanati. Sèvis EkoLakay se yon sevis twalèt inovatif ke SOIL lanse depi 2011 nan Okap. EkoLakay genyen pliske 1000 kliyan nan zon Kap- Ayisyen ki anrejistre pou sèvis sa epi peye mansyèlman pou yon koleksyon ki fasilite tout matyè a trete e transfòme nan yon konpòs. Konpòs sa, ki rele Konpos Lakay, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikòl la. SOIL ak ekip EkoLakay la genyen objektif pou agrandi sèvis la pou li ka genyen 8000 kliyan pou lane 2025.
Direksyon SOIL vle avèti tout moun ke li genyen yon pòs vid nan biwo Kap-Ayisyen lap chache konble, tit pòs sa se Manadjè EkoLakay.
Tit Pòs la | Manadjè EkoLakay |
1 | |
Dire | Endetèmine aprè 3 mwa pwobasyon |
(509) 4212-3636 | |
Zòn entèvansyon | Depatman Nò Ayiti |
26 Avril 2020 |
Tach Prensipal:
Jesyon Operasyon EkoLakay
- Responsab direksyon, analiz, pwoposizyon sou amelyorasyon ak enplemantasyon tout aktivite ki tonbe andedan sèvis EkoLakay Okap
- Responsabilite sou sipèvizyon dirèk ak endirèk tout anplwaye ki fè pati ekip EkoLakay
- Elabore epi egzekite plan daksyon nesesè pou avanse sou endikatè pèfòmans kle (EPK) ki fikse pou EkoLakay
- Travay an kolaborasyon ak Direktè Operasyonèl pou antisipe tout kalite ijans oswa deranjman pou sèvis EkoLakay epi mete anplas plan pou redwi enpak sa yo sou kliyan epi sèvis la an jeneral.
- Etabli epi jere relasyon ak otorite lokal konsène yo, an kolaborasyon ak Manadjè Senyò Vant, Manadjè Senyò Okap, epi Direktè Operasyon an.
Resous Imen
- Travay ak Direktè Resous Imen epi Manadjè Senyò Okap pou asire ke ekip EkoLakay la konprann epi respekte tout sa ki nan kontra ni pwofil li yo e sa ki nan Manyel Resous Imen SOIL.
- Analize pwofil tout manm ekip Ekolakay la, epi pwopoze chanjman kote ki ta nesesè
- An kolaborasyon ak Resous Imen asire ke tout moun kap travay pou sèvis EkoLakay genyen kontra ni pwofil ki ajou, apwopwiye, epi siyen.
- Patisipe nan nenpot rekritman ki nesesè pou reyalize objektif pwogram EkoLakay la.
- Ak sipò Manadjè Senyò Okap, Direktè Operasyon, ni Direktè Resous Imen, pran desizyon nesesè konsènan ekip pa’w (gratifikasyon , sanksyon, elatriye)
- Mete an plas, ak sipo Direkte Resous Imen, evalyasyon regilyè pou tout ekip EkoLakay ki baze sou endikatè pefomans pa yo epi bezwen EkoLakay yo.
Finans
- Responsab kreyasyon ak jesyon bidjè anyèl pou sèvis EkoLakay Okap la.
Soumet yon rekizisyon bidjè chak semenn a ADM/Finans daprè bidjè anyèl la pou reyalize aktivite nan semèn kap vini an. - Konprann epi respekte pwotokòl ak prensip finans jan yo etabli konsènan otorizasyon ki nesesè pou gwo pwojè yo, fich yo, depans ki pa nan bidjè anyèl la, elatriye.
- Travay ak nenpòt ki konsiltan/kolaboratè entenn/ekstenn pou verifye tout planifikasyon ak bidjè konsènan travay kap fèt nan kad EkoLakay.
- Konprann epi respekte pwotokòl ak prensip finans jan yo etabli konsènan otorizasyon ki nesesè pou gwo pwojè yo, fich yo, depans ki pa nan bidjè anyèl la, elatriye.
Vant
- Kolabore ak Manadjè Senyò Vant pou pwodwi materyèl ak apwòch maketin ki apwopriye pou zòn sèvis EkoLakay yo
- Travay ak Manadjè Senyò Vant pou elabore epi enplimante PPET nesesè pou fasilite tranzisyon nouvo kliyan antre anba responsablite ekip EkoLakay la
Rechèch ak Inovasyon
- Travay ak ekip Rechèch ak Inovasyon pou ranmase done nesesè yo pou enfòme travay ke yap fè nan kad EkoLakay la.
- Teste/pilote pwodwi oswa entèvanyson ke ekip Rechèch ak Inovasyon prepare pou nou epi bay yo fitbak ak rekomandasyon nesesè.
- Byen analize rezilta tout rechèch ke SOIL fè nan sektè pa’w yo pou wè si genyen modifikasyon ki bezwen fèt onivo estrateji, operasyon, ak pwotokòl SOIL yo.
Rapòtaj
- Pataje plan/rapo semèn ak Direktè Operasyon, Manadjè Senyò Okap, epi lòt Manadjè nan biwo Okap yo.
- Verifye EPK ak trakè regilyèman pou pwogram pa’w yon fason pou toujou rete okouran sou pwogrè ak regresyon epi pran aksyon pou reyalize objektif ki te fikse yo.
Sistèm Done
- Asire ke tout done ki dwe kolekte pou pwogram nan byen fèt, òganize, epi analize pou enfòme desizyon nou.
- Jere katab Dropbox SOIL Ekolakay Okap la byen òganize epi ke pa gen vye dokiman anndan’l. Si genyen bezwen pou sipo, rive kote ekip sistèm pou jere sa.
- Travay ansanm ak ekip Sistèm pou ou ka byen jere done, rapo, ak trake yo ki egziste nan Taroworks, Salesforce, e Google Sheets, sitou:
Lòt Bagay
- Patisipe aktivman nan tout aktivite konsènan ekzekisyon plan SSP a (Plan Sekirite Sanitasyon) ak evalyasyon ki fèt chak ane ladan.
- Reprezante SOIL nan konferans, atelye, ak lòt reyinyon ekstenn sou demann sipevizè pa’w.
- Deskripsyon pòs sa pa detaye, toujou mete w disponib pou fè tout lot bagay ki nesesè pou atenn objektif ou.
Sipèvizyon:
Pos sa sipèvizè direktèman pa Manadjè Senyò Okap la epi li genyen responsabilite sipevize tout manm ekip operasyon EkoLakay.
Kritè
Fòmasyon ak Eksperyans
- Lisans nan Jesyon oubyen lot disiplin ki asosye ak sa
- Eksperyans pwouve nan Jesyon Ekip
- Abitye travay nan anviwonman ki mande pase anpil tan sou teren
- Abilite pou pwodui dokiman ‘’Word/Excel/Powerpoint’’
- Bon kapasite pou fè analiz
Atou enpòtan
- Eksperyans travay nan Izin oswa nan Agrikilti
- Kapasite pou kondui moto
Pwosedi Rekwitman
Pou moun ki enterese nan pòs sa yo, Direksyon SOIL ap mande kandida a dokiman sa yo:
- CV
- Kopi diplòm
- 3 referans, omwen de (2) nan yo dwe yon referans pwofesyonèl.
Si’w wè ke w reponn a kritè yo epi’w enterese nan pòs sa, souple voye yon imèl ak tout dokiman yo nan adrès sa: [email protected] epi ekri tit pòs la (Manadjè EkoLakay) nan objè imel la. Dat final pou resepsyon dosye yo 26 Avril 2020.
N.B: Nou ankouraje fanm yo aplike pou pòs sa.
INTERESTED IN OTHER POSITIONS?
Sign up to receive email announcements of future job and internship openings at SOIL here.
Got something to say?