Avi Rekritman: Manadjè Konpostaj
Avi Rekritman Manadjè Konpostaj
Esplikasyon Jeneral
Rezime: SOIL (Sustainable Organic Integrated Livelihoods) travay an Ayiti pou transfome dechè an resous depi 2006. Misyon nou se kore diyite, lasante ak travay sosyal dirab nan transfomasyon dechè an resous enpòtan pou lanati. Sèvis EkoLakay se yon sèvis twalèt inovatif ke SOIL lanse depi 2011 nan Okap. EkoLakay genyen pliske 1500 kliyan nan zòn Kap Ayisyen ki anrejistre pou sèvis sa epi kap peye mansyelman pou yon koleksyon ki fasilite tout matyè a trete epi transfòme nan an konpòs. SOIL ap trete epi transfòme 45 ton dechè pa mwa jiska prezan ak plan pou agrandi ansanm ak agrandisman sèvis EkoLakay la. Konpòs la, ki rele Konpòs Lakay, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikòl la ak enviwònman. SOIL ak ekip EkoLakay la genyen objektif pou agrandi sèvis la pou li ka genyen 8000 kliyan pou lane 2025.
Manadjè Konpostaj genyen responsabilite pou jere tout aspè konsènan trètman ak transfomasyon dechè ke SOIL resevwa nan sit konpostaj la.
Tit Pòs la | Manadjè Konpòstaj |
Nonb de pòs | 1 |
Lokal | Limonad |
Dire | Endetèmine |
Telefòn Biwo | (509) 4212-3636 |
Zòn entèvansyon | Depatman Nò, Ayiti |
Disponiblite | Tan plen |
Dat piblikasyon | 24 Janvyè 2022 |
Dat limit | Until filled |
TACH PRENSIPAL: Jeneral
- Dirije ak enplemante tout pwojè ki anba responsablite w nan yon fason ki efikas epi ki swiv yon kalandriye byen planifye.
- Idantifye ak enplemante aksyon nesesè pou atenn endikatè pèfòmans kle (EPK) chak mwa/sezon/ane.
- Byen fikse endikatè pèfòmans kle (EPK) pou manm ekip Konpòstaj la ki fezab, ki apwopwiye, epi ki mache ak estrateji lontèm SOIL.
- Travay pwòch ak depatman Rechèch epi lòt patnè ekstèn yo pou enplemante plan tranzisyon pwosesis konpostaj la pandan ane kalandriye 2022 la.
- Byen konnen epi swiv nenpòt Pwotokòl, Pwosedi, ak Endikasyon Travay (PPET) ki genyen relasyon ak aktivite Konpòstaj
- Travay ansanm ak Direksyon SOIL pou kenbe bon relasyon ak enstitisyon leta Ayisyen apwopriye (MDE, MARNDR, MSPP, DINEPA, meri yo, elatriye) • Travay ansanm ak depatman Rechèch ak Inovasyon pou bay sipò nan teste, pilote, epi koleksyon done parapò pwojè pa yo, depi genyen bezwen pou sa.
- Oganize visit nan Sit la depi genyen yon rezon estratijik pou sa
Jerans
- Responsab kreyasyon, egzekisyon ak evalyasyon tout plan ak bidjè Konpostaj yo. • Toujou asire ke nou kenbe “Pwotokòl Operasyon Estanda” yo ajou epi ke yo respekte anndan sit konpòstaj nou a.
- Revizyon Plan Sekirite Sanitasyon (SSP), risk yo epi plan mitigasyon daprè kalandriye ki egziste pou sa.
- Kolabore ak Manadjè Senyò Vant (MSV) pou asire ke genyen bon kominikasyon ak planifikasyon parapò estòk konpòs nan Mouchinèt ni nan lòt sit yo, livrezon ki bezwen fèt, epi lòt sijè parapò aktivite Vant.
- Asire ke laboratwa SOIL la ak manm ekip SOIL ki travay ladan swiv pwotokòl ki an plas yo, ke done ak analiz yo fyab, epi ke nou kontinye travay pou asire ke laboratwa SOIL genyen kapasite pou fè tès nesesè pou pwosesis konpostaj la.
Resous Zimen
- Verifye ke tout ekip ke w’ap sipèvize ap swiv tach ki nan pwofil pòs pa yo epi ke y’ap reyalize aktivite ki nan plan semèn yo.
- Reyalize evalyasyon pou ekip pa’w daprè yon kalandriye byen defini. • Travay ansanm ak Administrasyon/Resous Imen pou ekip la toujou ajou ak vaksen yo epi genyen akse a medikaman pou vè
Sipevizyon Pòs sa sipèvize direkteman pa Manadjè Senyo Nò SOIL la.
Kritè
Fomasyon ak Eksperyans
- Lisans nan Jesyon/Enjenyè Agwonomik, oswa lòt disiplin ki asosye ak trètman epi transfòmasyon dechè
- Eksperyans pwouve nan Jesyon Ekip
- Bon kapasite pou fè analiz
- Eksperyans elaborasyon ak jesyon bidjè
- Konpetans avanse nan aplikasyon Microsoft (Word, Excel, Powerpoint) ni Google (Drives, googlesheets, etc.)
Atou enpòtan
- Eksperyans travay nan Izin
- Ekspetiz nan pwosesis konpòstaj temofilik
- Nivo pwofesyonel nan pale/ekri an Franse
Pwosedi Rekwitman Pou moun ki enterese nan pòs sa yo , Direksyon SOIL ap mande kandida a dokiman sa yo:
o CV
o Kopi diplòm
o 3 referans, omwen yonn nan yo dwe yon referans pwofesyonèl
Si’w wè ke’w reponn a kritè yo epi’w enterese nan pòs sa, souple voye yon imèl ak tout dokiman yo nan adrès sa: [email protected]oil.org epi ekri tit pos la ‘”Manadjè Konpostaj” nan objè imel la.
Dat final pou resepsyon dosye yo se lendi 7 Fevriye avan minwi.
N.B: Nou ankouraje fanm yo aplike pou pòs sa.
Support SOIL
SOIL depends on individual donations from people like you to fund our lifesaving, earth-restoring sanitation services in Haiti. Please consider supporting SOIL today.
- Deriving financial benefit from SOIL’s climate mitigation action: is it possible? Apr 28, 2022
- Happy Earth Day! Apr 22, 2022
- Increasing Impact with EkoLakay Public Toilets Apr 13, 2022
- Job Post: Development and Communications Associate Apr 11, 2022
- Windrow Composting: What We’ve Learned from the Pilot Research and Where We’re Going Apr 7, 2022
- Women in Sanitation: Interview with Froggi VanRiper Apr 4, 2022
- SOIL Offers Food Canteen for Employees Mar 15, 2022
- SOIL Brings Dignified Sanitation to Kanaval Mar 11, 2022
- Introducing Our Advisory Board Feb 23, 2022
- AVI REKRITMAN: Konsiltan Konpos Lakay Feb 22, 2022
Got something to say?