Avi Rekritman: Manadjè Senyò Vant

Avi Rekritman:  Manadjè Senyò Vant

Esplikasyon Jeneral 

Rezime: 

SOIL (Sustainable Organic Integrated Livelihoods) travay an Ayiti pou transfome deche an resous depi 2006. Misyon nou se kore diyite, lasante ak travay sosyal dirab nan transfomasyon dechè an resous enpòtan pu lanati. Sèvis EkoLakay se yon sevis twalet inovatif ke SOIL lanse depi 2011 nan Okap. EkoLakay genyen pliske 1800 kliyan nan zon Kap-Ayisyen anrejistre pou sèvis sa epi peye mansyelman pou yon koleksyon ki fasilite tout matyè a trete e transfòme nan yon konpòs. Konpòs sa, ki rele Konpos Lakay, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikol la. SOIL ak ekip EkoLakay la genyen objektif pou agrandi sèvis la pou li ka genyen 8000 kliyan pou lane 2025.

Manadjè Senyò Vant nan SOIL gen  responsablite pou atenn tout objektif vant Oganizasyon an, nan EkoLakay menm jan nan Konpos Lakay. SOIL ap chache konble pos sa pi vit ke posib.

Tit Pòs la Manadjè Senyo Vant
Nonb de pòs 1
Lokal Okap
Dire Endetèmine aprè 3 mwa pwobasyon
Telefòn Biwo (509) 4212-3636
Zòn entèvansyon Depatman Nò, Ayiti
Disponiblite Tan plen
Dat piblikasyon 13 Me 2022 
Dat limit Ankouraje avan 27 Me, men dosye ka resevwa apre si nesesè

Tach Prensipal: 

Jeneral 
  • Elabore epi egzekite estrateji pou atenn objektif agrandisman pou 3 sèvis ak pwodwi diferan andedan SOIL ki se EkoLakay, EkoMobil, epi Konpos Lakay.
  • Jesyon bidje anyèl pou Vant ki asosye ak EkoLakay ni Konpos Lakay.
  • Etabli epi jere yon rezo dinamik ak aktè nan depatman Nò ki angaje nan domenn kle ki asosye ak travay e sèvis SOIL (otorite yo, oganizatè evenman, konpayi konstwiksyon, enstitisyon agrikol, elatriye).
  • Travay ak Manadje Senyo Nò e COO SOIL pou mete an plas kolaborasyon ak patenarya nesese pou avansè SOIL nan misyon li genyen epi objektif ki fikse pou sèvis ak pwodwi’l yo.
  • Oganize evenman, oswa patisipasyon SOIL nan evenman lot akte, ki ogmante viziblite sèvis ak pwodwi SOIL nan yon fason estratejik.
  • Byen konnen epi respekte nenpòt pwotokol ki konsene ou menm, epi pwopoze modifikasyon depi’w wè yo mande sa oubyen devlope pwotokol pou nouvo pwosèsis travay w.
Resous Imen
  • Rekrite, fòme, epi sipèvize manm ekip Vant/ak moun ki gen kontak dirèk ak kliyan jan ke’w wè nesesè pou atenn objektif vant pou EkoLakay ak Konpostaj
  • Kontinye amelyore ak ranfose youn sistèm gratifikasyon ki baze sou komisyon, ki genyen objektif endividyèl ni kolektif.
  • Reyalize evalyasyon pèfomans regilye ak ekip ke wap sipèvize pou swiv pwogrè, idantifye obstak, epi pote koreksyon/modifikasyon ke’w wè ki nesesè.
EkoLakay
  • Rive siyen omwen 150 nouvo kontra EkoLakay pa mwa nan zon sèvis aktyel
  • Devlope yon gid Vant pou EkoLakay ki klarifye pwosesis ak mesaj ki itilize ak segman kliyan diferan, epi ki baze sou rechech ak done ki disponib sou kliyan aktyel ak ansyen kliyan.
  • Travay ak ekip Operasyon ni Rechech pou evalye lot zon sèvis potansyel
  • Travay ansanm ak Resous Imen e Manadje EkoLakay pou ranfose estrikti ak apwoch sèvis kliyantel pou fidelize kliyan EkoLakay yo.
  • Pwodwi epi revize materyèl maketin EkoLakay yo (flyèz, bwochi, espòt piblisite, inifòm, elatriye).
Konpòs Lakay
  • Elabore estrateji ak taktik maketin ki ka pèmèt nou vann omwen 6 ton konpos chak mwa, an mwayenn.
  • Enplimantasyon ak amelyorasyon kontinyel sa ki nan Gid Vant Konpos Lakay la
  • Travay pou etabli yon rezo distribisyon konpos nan Depatman Nò ki rann Konpos Lakay la disponib pou asosyasyon ak oganizasyon nan zon agrikol yo.
  • Responsab pwodiksyon epi revizyon materyèl maketin Konpòs Lakay yo (flyèz, bwochi, elatriye).
Sipevizyon 

Pos sa sipevize direkteman pa Chef Ofisyè Operasyon(COO) SOIL la epi li genyen responsablite sipevizyon tout pos ki anndan depatman vant lan.

Kritè 

Fomasyon ak Eksperyans 
  • Degre nan Marketing ak Vant, oswa eksperyans ki asosye
  • Sikse nan vant nan yon antrepriz lokal
  • Elaborasyon ak enplimantasyon estrateji maketin
  • Eksperyans nan monte ak jere yon ekip ki fokis sou rezilta
  • Bon kapasite  nan planifikasyon, jesyon ak analiz done pou pran desizyon ki baze sou rezilta
Atou enpòtan 
  • Eksperyans travay an kolaborasyon ak otorite Ayisyen nan kad maketin oswa relasyon gouvenmantal
  • Bon konpetans nan pwodwiksyon materyel maketin
  • Konpreyansyon onivo sektè asenisman an Ayiti
  • Konpreyansyon onivo sektè agrikol Ayisyen epi itilizasyon amandman sol(angre, fimye, konpos, elatriye)
  • Pemi kondwi (machin oswa moto)
Pwosedi Rekwitman 

Pou moun ki enterese nan pòs sa yo , Direksyon SOIL ap mande kandida a dokiman sa yo:

  • CV
  • Kopi diplom
  • 3 referans, omwen yonn nan yo dwe yon referans pwofesyonèl

Si’w wè ke w reponn a kritè yo epi’w enterese nan pòs sa, souple voye yon imèl ak tout dokiman yo nan adrès sa: [email protected] epi ekri tit pos la (MSV) nan objè imel la.  Komite Rekritman SOIL la pral komanse revize dokiman ki resevwa nan dat 27 Me 2022, men kritman sa rete ouvè jiskaske pos la ranpli.

N.B: Nou ankouraje fanm yo aplike pou pòs sa.


No Replies to "Avi Rekritman: Manadjè Senyò Vant"


    Got something to say?

    Some html is OK