Avi rekritman

Rezime:

SOIL (Sustainable Organic Integrated Livelihoods) travay an Ayiti pou transfòme dechè an resous itil depi lane 2006. Misyon nou se kore diyite, lasante ak travay sosyal dirab nan transfòmasyon dechè an resous enpòtan pou lanati. Sèvis EkoLakay se yon sevis twalèt inovatif ke SOIL lanse depi 2011 nan Okap. EkoLakay genyen pliske 1000 kliyan ki peye chak mwa pou yon koleksyon ki fasilite tout matyè a trete epi transfòme nan yon konpòs. Konpòs sa, ki rele Konpos Lakay, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikòl la.

Direksyon SOIL vle avèti tout moun ke li genyen yon pòs vid nan Depatman Vant ki rele Ajan Vant Konpòs Lakay.

Ajan Vant Konpòs Lakay se yon nouvo pos anndan òganizasyon an ki pral gen pou responsablite pou atenn tout objektif ki konsène vant pou Konpòs lakay.

Tit Pòs laAjan de Vant Konpostaj
Nonb de pos1
LokalOkap
DireEndetèmine aprè 3 mwa pwobasyon
Telefon Biwo(509) 4212-3636
Zòn entèvansyonGran Nò Ayiti
DisponibliteTan plen
Dat piblikasyon28 Fevrye 2020
Dat limit16 Mas 2020

Tach Prensipal:

  • Responsab Vant pou Konpòs Lakay nan Okap epi pwogrè sou endikatè pèfomans kle ki asosye ak vant .
  • Travay pou atenn 100% objektif vant ki fikse chak mwa.
  • Travay pou 100% ansyen kliyan retounen nan baz kliyantèl.
  • Travay pou transfòme 100% pwospèk an kliyan.
  • Chèche konnen tout aktivite, strateji ak Maketin ke konpetitè a ap itilize.
  • Responsab pou byen jere lajan ki atribye pou aktivite Maketin pandan baz kliyantèl ap ogmante
  • Responsab pou byen fòme kliyan yo sou fason yo dwe itilize Konpòs Lakay nan lide pou fidelize yo
  • Travay nan bon kolaborasyon  ak tout lòt ekip nan SOIL ki gen rapò dirèk oubyen endirèk ak pòs paw
  • Jesyon ak distribisyon tout materyèl Maketin pou Konpòs Lakay

Sipèvizyon:

Pòs sa a sipèvizè direktèman pa Manadjè Senyò Vant SOIL la

Kritè

Fomasyon ak Eksperyans

  • Diplòm nan Maketin ak Vant, nan Jesyon oswa lòt disiplin ki asosye
  • Siksè nan vant nan yon antrepriz lokal pandan 3 zan pou piti
  • Bon kapasite nan analiz done pou pran desizyon ki baze sou rezilta
  • Lanmou pou metye Vant  epi gen lespri konpetitif
  • Bon konpetans/konesans nan sèvis kliyantèl
  • Oryente sou sastifaksyon kliyan ak rezilta
  • Bon kapasite pou :
    • travay ak kliyan endividyèl kou antrepriz prive ak piblik
    • negosye epi travay avèk gran enstitisyon, òganizayon lokal ak entènasyonal
    • travay ak tout kouch sosyal nan milye difisil
    • jwe wòl entèmedyè ant kliyan ak antrepriz pandan wap defann enterè tou 2
    • konvenk epi jere moun
    • pran bon inisyativ
    • koute e pote solisyon
    • Adapte rapid epi pou travay anba presyon
    • aji avan yon pwoblèm rive (proactivité)
    • fòme kliyan sou avantaj ak benefis yon pwodui
  • Trè disipline ak anpil rigè
  • Eksperyans nan devlope rezo distribisyon
  • Ekseperyans nan devlope teritwa vant epi ogmantasyon to penetrasyon
  • Pèmi pou kondwi machin

Atou enpòtan

  • Eksperyans travay pwòch/kolaborasyon ak otorite Ayisyen nan kad maketin oswa relasyon gouvenmantal
  • Bon konpetans ak eksperyans nan Vant ak Distribisyon
  • Eksperyans nan travay ak kliyan endividyèl tankou gran antrepiz Leta ak prive
  • Bon eksperyans nan jesyon ak devlopman gwo pòtfèy kliyan
  • Konpreyansyon onivo sektè asenisman an Ayiti
  • Konpreyansyon onivo sektè agrikol Ayisyen epi itilizasyon amandman sol (angrè, fimye, konpos, elatriye)
  • Bon prezantasyon
  • Bon konesans anglè
  • Pèmi pou kondwi moto

Pwosedi Rekwitman

Pou moun ki enterese nan pòs sa yo, Direksyon SOIL ap mande kandida a dokiman sa yo:

  • CV
  • Kopi diplòm
  • 3 referans, omwen de (2) nan yo dwe yon referans pwofesyonèl

Si’w wè ke w reponn a kritè yo epi’w enterese nan pòs sa, souple voye yon imèl ak tout dokiman yo nan adrès sa: [email protected] epi ekri tit pòs la (Ajan vant Konpòs Lakay) nan objè imel la.  Dat final pou resepsyon dosye yo 16 Mas 2020

N.B: Nou ankouraje fanm yo aplike pou pòs sa.

INTERESTED IN OTHER POSITIONS?

Sign up to receive email announcements of future job and internship openings at SOIL here.


No Replies to "Avi rekritman"


    Got something to say?

    Some html is OK