Avi rekwitman: Asistan Depatman Vant

Avi rekwitman Asistan Depatman Vant

Avètisman Pòs

Rezime:

SOIL (Sustainable Organic Integrated Livelihoods) travay an Ayiti pou transfome dechè an resous depi 2006. Misyon nou se kore diyite, lasante ak travay sosyal dirab nan transfomasyon dechè an resous enpòtan pou lanati. Sèvis EkoLakay se yon sèvis twalèt inovatif ke SOIL lanse depi 2011 nan Okap. EkoLakay genyen pliske 1000 kliyan nan zon Kap-Ayisyen ki anrejistre pou sèvis sa epi peye mansyèlman pou yon koleksyon ki fasilite tout matyè a trete e transfòme nan yon konpòs. Konpòs sa, ki rele Konpos Lakay, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikol la. SOIL  ak ekip EkoLakay la genyen objektif pou agrandi sèvis la pou li ka genyen 8000 kliyan pou lane 2025.

Asistan Depatman Vant se yon nouvo pòs anndan SOIL ki pral gen pou responsablite bon fonksyonman ak kowòdinasyon Depatman Vant.

 

 

 

 

 

 

Tach Prensipal:

  • Responsab kowòdinasyon aktivite Depatman Vant
  • Asire kowòdinasyon aktivite depatman Vant ak lòt Depatman
  • Asire swivi administratif pou ekip Vant
  • Jere founiti biwo ak tout lòt materyèl ak ekipman Depatman Vant
  • Responsab acha Depatman Vant
  • Jesyon ak planifikasyon itilisazyon veyikil Vant
  • Patisipe epi prepare rapò reyinyon
  • Asire bon entretien biwo
  • Sipèvize ekip netwayaj biwo
  • Akeyi ak asiste vizitè, kliyan nan biwo
  • Reponn ak plase apèl telefonik
  • Pran plent kliyan epi asire swivi ak ekip ki konsène

Sipèvizyon:

Pòs sa sipèvizè direktèman pa Manadjè Senyò Vant SOIL la

Kritè

Fòmasyon ak Eksperyans

  • Diplòm nan Sekretarya oubyen Asistans administativ
  • Metriz Word, Excell, entènèt
  • Eksperyans travay 3 zan pou pi piti nan  yon pòs parèy
  • Konesans nan sèvis kliyantèl
  • Bon kapasite kominikasyon pale ak ekri
  • Bon kapasite pou kominike
  • Bon kapasite pou konvenk epi jere moun
  • Bon kapasite pou pran bon inisyativ
  • Bon kapasite pou koute e pote solisyon
  • Bon kapasite adaptasyon rapid epi pou travay anba presyon
  • Trè disipline ak anpil rigè

Atou enpòtan

  • Eksperyans travay kòm ajan sèvis kliyantèl, resepsyonis
  • Bon prezantasyon
  • Bon konesans kreyòl, anglè

Pwosedi Rekwitman

Pou moun ki enterese nan pòs sa yo,  Direksyon SOIL ap mande kandida a dokiman sa yo:

  • CV
  • Kopi diplòm
  • 3 referans, omwen yonn nan yo dwe yon referans pwofesyonèl

Si’w wè ke w reponn a kritè yo epi’w enterese nan pòs sa, souple voye yon imèl ak tout dokiman yo nan adrès sa: [email protected] epi ekri tit pos la nan objè imel la.  Dat final pou resepsyon  dosye yo se 9 Oktòb 2020.


No Replies to "Avi rekwitman: Asistan Depatman Vant"


    Got something to say?

    Some html is OK