Avi Stajyè Rechech Konpostaj

SOIL (Sustainable Organic Integrated Livelihoods), travay an Ayiti depi lane 2006. Misyon nou se kore diyite, lasante, ak travay sosyal dirab nan transfòmasyon dechè an resous enpòtan pou lanati. Direksyon SOIL vle avèti tout moun ke li genyen yon (1) pòs vid ke l’ap eseye ranpli.
Nan kad yon rechèch sou enpak anviwonmantal pwosesis konpostaj, biwo SOIL nan Pòtopwens bezwen yon stajyè pou ede nou ranmase echantiyon dlo sou sit konpostaj lan. Chak semèn n ap ranmanse yon echantiyon pandan pou pi piti 6 mwa. Rechèch sa fèt nan kolaborasyon ak yon inivèsite nan Kalifoni. Patisipe nan yon pwojè k ap ede pwoteje anviwonman an, voye aplikasyon w kounye a!
Tit Pòs la |
Stajyè Rechech Konpostaj |
Biwo SOIL | Pòtoprens |
Zòn entèvansyon | Route 9 / Delmas |
Disponibilite | 1 jou fiks pa semèn |
Nonb de pòs | 1 |
Dat piblikasyon | 6 Out |
Dat limit pou aplike | 15 Out |
Dire pòs la | 6 mwa renouvlab si nesesè |
Klike isit la pou wè avètisman pòs la e aplike jodi a.
Si’w wè ke’w reponn a kritè sa yo, epi’w enterese nan pòs sa, tanpri souple voye CV w nan adrès imèl sa: [email protected].
Si'w enterese konnen pwochen fwa SOIL gen yon pòs vid, klike pou ajoute imel adres ou nan lis rekritman SOIL la.