Enfòmasyon sou COVID-19

Yon nouvo viris yo rele COVID-19 (Nouvo Kowonaviris) lan se yon viris respiratwa yo te detekte pou premye fwa nan vil Wuhan, Pwovens Hubei, peyi Lachin. Nouvo viris sa a te pwovoke enfeksyon konfime plizyè milye moun nan tout mond nan. Nan denye jou sa yo, viris la rive simaye sou tout latè. Sa vle di, se yon viris ki sikilè de moun an moun, de vil an vil, e de peyi an peyi.

Kijan kowonaviris la simaye?

Kowonaviris yo se viris respiratwa epi li simaye anjeneral atravè sekresyon respiratwa (tankou ti gout lè moun touse epi estène) yon moun ki enfekte ki antre an kontak ak yon lòt moun. Lasyans poko gen tout enfòmasyon osijè fason nouvo kowonaviris sa a simaye.

Ki sentòm COVID-19 la?

Kowonaviris sa a koze enfeksyon respiratwa (poumon). Pami sentòm enfeksyon sa a, gen: – lafyèv –  tous – souf  kout – nan ka ki grav, nemoni (enfeksyon poumon yo). Menmsi pifò moun refè aprè yo enfekte, kèk enfeksyon gendwa debouche sou maladi ki grav oubyen menm lanmò. Granmoun ak moun ki gen pwoblèm medikal ki te la deja yo sanble yo gen pi gwo risk pou devlope fòm grav maladi a.

Ki tretman ki genyen? Èske gen yon vaksen?

Pa gen okenn tretman antiviral espesifik pou enfeksyon COVID-19 la. Alèkile, pa gen okenn vaksen ki disponib pou pwoteje moun kont enfeksyon COVID19 lan.

Kisa kanpe lwen an ye?

Kanpe lwen an se premyeman pa ale nan aktivite ki gen anpil moun. Dezyèman, se kanpe yon mèt 50 (1.5 m) de yon moun lè w nan yon aktivite.

Kijan mwen kapab pwoteje tèt mwen ak kominote m?

Menmsi ou pa sou gwo risk, ou dwe pran tout prekasyon. Prekosyon pa kapon, anpeche rim ak lagrip gendwa ede pwoteje kont lòt viris respiratwa tou:

  • Lave men ou yo souvan ak savon epi dlo oubyen ak dlo bouyi pandan omwen 20 segonn.
  • Kouvri bouch ou lè w ap touse ak estène.
  • Rete lakay ou si ou malad pou w pa enfekte lòt moun, men si w grav rele MSPP an ijans.
  • Si  w te gen kontak ak yon moun ki tonbe malad, mete tèt ou an karantèn pandan 14 jou, sa ka ede mwens moun afekte.

Kijan ou teste yon moun pou wè si li enfekte ak COVID-19 la?

Si w santi sentòm sa yo (lavyèv, gòj fè mal, wap touse, ak souf kout) rele MSPP an ijans: 116 ak 4343-3333. Se sèlman laboratwa MSPP ki gen dwa fè tès pou COVID-19.

Kisa mwen ta dwe fè si mwen te ale yon kote COVID-19 la ap simaye oubyen si mwen te gen yon kontak pwoch ak yon moun ki enfekte ak viris la?

Si ou te ale nan yon zòn wouj oubyen li posib ou te gen kontak pwoch ak yon moun ki genyen viris la, yo gendwa mande w pou evite tout kontak oswa pou redwi pasyèlman kontak ou ak lòt moun (karantèn), selon pwobabilite ou genyen pou ou te ekspoze ak viris la. Epitou, ou ta dwe:

  • Siveye sante w pandan 14 jou lwen moun,  aprè dènye ekspozisyon posib ou an.
  • Veye si ou pa gen siy ak sentòm yo: lafyèv, tous, souf ki kout oswa difikilte pou respire
  • Lòt sentòm ki parèt bonè yo, se ka frison, doulè toupatou nan kò w, gòj fè mal, maltèt, dyare, kèplen/vomisman, rele MSPP prese prese.
  • Anvan pou w ale nan randevou kay doktè a, bay tout enfòmasyon sou kijan ou te ekspoze ak COVID-19 lan.

Kikote mwen kapab jwenn plsi enfòmasyon konsènan COVID-19 la?

W ap jwenn plis enfòmasyon detaye ak oryantasyon adisyonèl nan sit entènèt MSPP: https://mspp.gouv.ht/newsite/ Enfòmasyon ki soti nan CDC:  https://www.cdc.gov/coronavirus.

Sous ki itilize pou blog sa: www.mass.gov/2019coronavirus.

Plis resous ki disponib


Support SOIL

SOIL depends on individual donations from people like you to fund our work in Haiti. Please consider supporting SOIL today.

Support SOIL

Fill out my online form.

Other Recent Updates from SOIL


No Replies to "Enfòmasyon sou COVID-19"