Fòmasyon Sanitasyon Ekolojik: 9 Mas, 2017
[Click here to read this information in English.]
Akòz sikonstans enprevi, SOIL te anile fòmasyon sa a. Nou pral pataje enfòmasyon depi nou fikse yon nouvo dat. Mèsi pou konpreyansyon nou.
Detanzantan, SOIL oganize atelye pou pataje eksperyans ak konesans nou genyen ak teknoloji Sanitasyon Ekolojik (EkoSan) an Ayiti
Fomasyon sa genyen ladan yon rezime de pwogram nou yo, pa egzamp: teknoloji ke nou sevi, leson nou te aprann nan devlopman tekonoloji sa yo, e pwopozisyon nou genyen pou amelyore koman teknoloji sa yo ka aplike pi byen.
Enfòmasyon Atelye
Dat: Jedi, 9 Mas 2017, 8:00 am – 4:00 pm
Location: Delmas 31, Pòtopwens
Lang yo: Kreyol
Ajanda
8h00 – 8h30: Anrejistreman tout patisipan yo
8h30 – 9h50: Mo Byenvini, Tour de Tab, Entwodiksyon EkoSan e SOIL
9h50 – 10h20: Poz Kafe, Ti Manje
10h20 – 12h30: Twalet EkoSan – Teknik, Aspe Sosyal, ak Ka Etid
12h30 – 1h30: Poz Manje Midi
1h30 – 3h00: Konpòstaj ak Itilizasyon Konpòs
3h00 – 4h00: Diskisyon, Evalyasyon, e Remesiman
Fre: Fre anrejistreman ak patisipasyon se $100 USD. Li tou inkli ladan rafrechisman, kafe, ak manje midi pou chak patisipan. Nou ka fè pèman an kat kredit (nan fòm anrejistreman), kach, ou byen chèk, nan biwo SOIL oubyen nan matin nan sant fòmasyon an avan atelye-a komanse. Pou mande yon bousetid, tanpwi ranpli seksyon an apwopriye nan fòm anrejistreman.
Plis Kesyon?: Tanpwi voye yon imèl nan [email protected].
Got something to say?