Entèvyou ak direktè jeneral lameri Okap
Direktè jeneral lameri Okap, Carry Hyppolite, bò kote Manadjè Senyò SOIL, Romel Toussaint
SOIL te gen opòtinite pou li te rankontre ak Carry Hyppolite, yon ekonomis e direktè jeneral meri Okap, pou yo pale de relasyon SOIL ak meri a epi de sitiyasyon sanitè nan rejyon Nò peyi Dayiti. Hyppolite fet nan vil Okap e li temwen de chanjman ke agrandisman popilasyon an pote nan vil la pandan ane yo. Nan fen ane 1980 yo te gen anpil ayisyen ki kite zòn riral pou yo al rete nan zòn iben yo, akòz pat gen ase travay ak opòtinite pou yo viv nan zòn riral yo – sa vin lakoz degradasyon anviwònman an ak rediksyon pwodiktivite tè yo, sa te fè e kontinye ap fè enpak sou enfrastrikti vil yo, patikilyèman nan sektè sanitasyon. Direktè Hyppolite sonje lè li te pi piti vil Okap te gen twalèt kolektif kote plizyè fanmi vwazen pataje yon twalèt. Men, detan plis moun te vin rete nan vil Okap ki se dezyèm pi gwo vil Ayiti, metòd twalèt kolektif la pa te apwopriye ankò. Apre kèk tan, kantite twalèt nan kay yo ak opsyon twalet piblik ki limite fè ke moun yo te oblije rekòmanse fè bezwen yo nan lari, ki te vin tounen yon gwo pwoblèm pou vil la.
Jounen jodia Hyppolite se direktè jeneral meri Okap, li santil konsène pa sitiyasyon sanitè e sante piblik ki kritik anpil nan blòk nò Ayiti, kote anpil fanmi ap viv nan kay san twalèt e kanal ki nan vil la bouche ak fatra paske pa gen yon bon metòd pou jere fatra yo. Pandan ane ki sot pase yo SOIL kolabore ak meri Okap pou pi byen reponn a bezwen sanitè ke moun yo genyen e mete men pou fe fas ak kriz sanitè a epi pote yon sevis sanitè pou moun okap.
Nan kad repons ijans pou COVID-19 la ke gouvenman lokal la te mete sou pye, SOIL te bay twalèt nan pi gwo mache piblik ak yon lot zon ki frekante anpil nan vil la. Hyppolite te vizite twalet piblik yo e te kontan we jan yo adapte ak fason moun yo ap viv nan mache sa yo. Li te remake ke “pa gen okenn move odè ki degaje nan twalèt yo lew konpare yo ak kèk lòt twalèt potatif ki te enstale oparavan ki te deranje moun ki tou pre yo”. Li te enpresyone tou nan fason SOIL transfòme deche ki kolekte nan twalet sa yo an konpòs. E li ajoute “sa enpòtan paske deche moun ki se yon sous pwoblem pou sante moun ak anviwonman, transfome an pi bon fimye ki ka itilize nan agrikilti”.
Daprè Hyppolite, SOIL se tankou yon reyon solèy pou moun Okap. SOIL travay pou asire ke plis moun gen aksè ak twalèt lakay yo atravè sevis EkoLakay kote li pote solisyon a yon kriz nasyonal epi transfome pwoblem sa pou tounen yon konpos ki gen valè. Direktè Hyppolite kontan pou kolaborasyon SOIL genyen ak lameri e li pre pou bay sipò pou pèmèt solisyon sanitè a rive pi lwen.
Pou ane kap vini yo, Direktè Hyppolite gen plan pou li restriktire e ranfose administrasyon meri a, e li vle kapab reponn pi byen a bezwen moun Okap. Hyppolite ta renmen we Ayiti chanje e tounen menm jan li te ye nan souvni danfans li, yon peyi ki pwòp, ki gen sekirite e ki pwospè.
Support SOIL
SOIL depends on individual donations from people like you to fund our lifesaving, earth-restoring sanitation services in Haiti. Please consider supporting SOIL today.
- HELP & SOIL: Fostering Meaningful Careers for Young Haitians Sep 27, 2023
- Capacity Building Training for SOIL’s Sales Team Sep 19, 2023
- SOIL’s EkoMobil Service Sees an Increase in Rental Requests Aug 29, 2023
- SOIL Welcomes CDC to Offices in Cap-Haitien Aug 21, 2023
- Meet Rich Flammer: SOIL’s New Advisory Board Member Aug 15, 2023
- SOIL and IAF Meet Up in Fort Bourgeois Aug 9, 2023
- CBS: The Future of Safely Managed Sanitation Aug 4, 2023
- New Study by WHO and UNICEF Reports Women and Girls Most at Risk From the Water and Sanitation Crisis Jul 27, 2023
- 2023 Tourism Innovation Summit Kicks Off in Cap-Haitien Jul 7, 2023
- Grinder Campaign Update – Thank You! Jun 28, 2023
Got something to say?