Fòmasyon Sanitasyon EkoLojik: 12 Me 2016

Detanzantan, SOIL oganize atelye pou pataje eksperyans ak konesans nou genyen ak teknoloji Sanitasyon Ekolojik (EkoSan) an Ayiti
Fomasyon sa genyen ladan yon rezime de pwogram nou yo, pa egzamp: teknoloji ke nou sevi, leson nou te aprann nan devlopman tekonoloji sa yo, e pwopozisyon nou genyen pou amelyore koman teknoloji sa yo ka aplike pi byen.

Enfòmasyon Atelye

Dat: Jedi, 12 Me 2016, 8:00 am – 4:00 pm

Location: Delmas 31, Pòtopwens

Lang: Kreyol

Ajanda
8h00 – 8h30: Anrejistreman tout patisipan yo
8h30 – 9h50: Mo Byenvini, Tour de Tab, Entwodiksyon EkoSan e SOIL
9h50 – 10h20: Poz Kafe, Ti Manje
10h20 – 12h30: Twalet EkoSan – Teknik, Aspe Sosyal, ak Ka Etid
12h30 – 1h30: Poz Manje Midi
1h30 – 3h00: Konpòstaj ak Itilizasyon Konpòs
3h00 – 4h00: Diskisyon, Evalyasyon, e Remesiman

Fre: Fre anrejistreman ak patisipasyon se $100 USD. Li tou inkli ladan rafrechisman, kafe, ak manje midi pou chak patisipan. Nou ka fè pèman an kat kredit (nan fòm anrejistreman), kach, ou byen chèk, nan biwo SOIL oubyen nan matin nan sant fòmasyon an avan atelye-a komanse. Pou mande yon bousetid, tanpwi ranpli seksyon an apwopriye nan fòm anrejistreman.

Mèsi pou entere pa w nan fòmasyon SOIL. Anrejistreman pou fòmasyon sa ferme kounye a.  Si ou vle resevwa yon notifikasyon pou pwochen fòmasyon an, ranpli fomile sa:

Fill out my online form.

Plis Kesyon?: Tanpwi voye yon imèl nan [email protected].


1 Reply to "Fòmasyon Sanitasyon EkoLojik: 12 Me 2016"

  • Luckner POMPILUS
    April 16, 2016 (5:22 pm)
    Reply

    mwen espere mwen ap kapab konstri yonn


Got something to say?

Some html is OK