Konferans Asenisman Ekolojik nan Potoprens
Konferans asenisman ekolojik nan pòtopwens nan dat 12, 13 jyen 2012, se te 2 jounen ki te empòtan
anpil pou peyi Dayiti, paske peyi a genyen yon gwo pwoblèm sanitasyon depi plis pase 25 lanne.
Se te yon moman bwase lide. SOIL kòm lidè nan domèn sanitasyon ekolojik te pwan devan pou yon
dezyèm fwa pou te diskite avèk DINEPA (enstans leta nan zafè asenisman peyi Dayiti) epi avèk plizyè
òganizasyon nasyonal ak entènasyonnal (OIM, Kwa wouj fransè, Kwa wouj ameriken, Viva Riyo pou nou
site sèlman sa yo) sou pwoblèm ak solisyon dirab nou kapab pote nan zafè jere kaka moun epi valorize kaka sa an yon resous enpòtan (konpòs) pou agrikilti.
Yon konstatasyon ke mwen fè nan konferans sa, se enpòtans kaka kòmanse genyen pou tout moun epi
anvi ki degaje pou twouve yon estrateji dirab nan keksyon konstriksyon twalèt ekosan yo ak yon pi bon
fason nou kapab transfòme kaka ak pipi san yo pa fè dega sou moun ak anviwonman an.
Pou’m fini, ann di « kaka kapab » tout bon vle se sou tèm sa SOIL te bay tout konferans li yo. Se yon
fason pou di : li la pou li bay plis lavi pase lanmò si toutfwa nou sèvi avèk li nan yon fason pozitif.
Got something to say?