Konpòs Lakay se konpòs SOIL, youn nan pi bon jan angrè òganik pou itilize nan zafè agrikilti oswa jaden.

Achte Konpòs Lakay

Konpòs Lakay 40-lb SackSee this page in English.

Klike la pou achte, oswa kontakte nou nan biwo SOIL lan:

+509 2260 2888, Wout Nasyonal # 3, akote Distileri Larue S.A., Katye Moren


Eleman nitritif

Li anbale avèk Nitwojèn, Fosfò, Potasyòm, Kalsyòm ak Manyezyòm. Epi tou li gen anpil materyèl ki gen kabòn ki kapab ede nan refome kouch arab vejetal la.

Fasil pou itilize

Li fèt avèk bagas kann, po pistach ak kaka moun. Pou itilize l, melanje ¾ tè, ¼ Konpòs lakay ak yon ti dlo pi.

Bon mache

Sou chak sak Konpòs Lakay ou pote tounen pou achte ankò, w ap jwenn 25 goud rabè.

Kontakte Nou
Imèl: [email protected] Okapayisyen, Tel: (+509) 2260 2888
blockimage
Pi bon zanmi jaden
 

Pandan nou pa ret sou pwodwi chimik ak natirel yo, konpòs lakay fe kat (4) gwo travay:

  • Konpòs ede te yo kenbe imidite l nan sezon sechrès epi tou fè drenaj korekteman nan sezonlapli.
  • Avèk eleman nitritif tankou azòt, fosfò, potasyòm, Konpòs Lakay la mete matyè òganik nan tè. Konsa lap ede l fome kouch arab vejetal la.
  • Konpòs Lakay anpeche ewosyon tè a. Plante pye bwa ak Konpòs Lakay kap ede yo bati rasin bwa solid kap anpeche dlo bwote tè a.
  • Rechèch gwoup Marin Carbon Project montre ke sèvi ak konpòs ap ogmante nan kapasite tè a pou l kenbe Kabòn, epi ke sa ka kontribiye nan bese efè danjere yo nan chanjman klimatik la.

141028 Penye Pepper Harvest 7 Prof (RicardoV)

Rechèch yo te montre ke itilizasyon Konpòs Lakay ògmante anpil pwodisksyon nan rekòlt sa yo: sògo, mayi, chou, kawòt, bètrav, piman, soya, morenga ak anpil lòt ankò! Avèk chèchè ki soti nan Inivèsite Stanford, Inivèsite Hawaii, Inivèsite Chretienne Nord d’Haiti, Inivèsite Polyvalented’Haiti, Inivèsite Episcopale d’Haiti, Inivèsite Fondwa, Inivèsite Quisqueya, SOIL te rive fè plizyè eksperyans ki gen rapò ak eleman nitritif Konpòs Lakay epi enpak li sou divès lòt kilti, gaz à effet de sè ak  sou lòt faktè anviwònman an. Chak pake Konpòs lakay teste pandan tout peryòd trètman an jan lwa, regleman, epi estanda nasyonal ak entènayonal la mande li, epi tou li garanti pou kabap itilize san danje nan zafè agrikilti.
Asènisman ekolojik SOIL la

Pwosesis la:

Konpòs Lakay se yon etap nan sik sanitsyon ekolojik SOIL la (EkoSan). Li fèt ak matyè fekal ki trete ak lòt ti kategori pwodwi agrikòl tankou bagas kann, po pistach. Olye nou konsidere materyèl sa yo kòm “fatra” epi pou nou kite yo ap polye anviwònman an, SOIL li menm, san danje, resikle tout eleman nitritif sa yo pou yo ka ale nan tè a. Ekip Injenyè, Agwonòm, Teknisyen laboratwa ak Chèchè nou yo ap kontwole ak anpil atansyon pwosesis trètman an ki pran an sèt (7) e nèf (9) mwa pou asire ke chak pake Konpòs lakay yo gen pi bon jan kalite posib.

Ou gen kesyon?

  • Èske yo ka itilize Konpòs Lakay san danje pou fè grandi manje?

    Wi. Chak pakèt konòs te pwodwi selon estanda Òganizasyon Mondyal Lasante epi li te teste nan laboratwa SOIL avan ke yo te mete l nan sak pou vann. Garanti resiklaj la ki an sekirite nan eleman nitritif se garanti SOIL la. SOIL garanti nou ke li asire, san danje, resiklaj eleman nitritif yo.

  • Eske SOIL ofri livrezon?

    Sa depann de ki kote e ki disponibilite machin li yo. Ou kapab toujou mande yon livrezon epi SOIL ap di w si sa posib ak yon frè anplis.

  • Ki pousantaj eleman nitritif yo ye nan Konpòs lakay?

    Azòt (N)> 2.7%, Fosfò (P)> 1.4%, Potasyòm (K)> 0.7%, Kalsyòm (Ca)> 2.5%, Manyezyòm (Mg)> 0.8%, Kabòn (C)> 27%, pH 6.7 -7,2, Imidite> 30%, C: N Pwopòsyon <11: 1, Matyè òganik natirèl 50%, Materyè inaktifl 1.5%

  • Ki volim nan yon sache 40-liv?

    Yon sache 40-liv se ozalantou 10 galon.

  • Ki kote biwo SOIL sitiye?

    SOIL gen yon biwo ak yon sit trètman dechè: 509 2260 2888 Wout Nasyonal # 3, akote Distileri Larue S.A., Katye Moren