SOIL Fòmasyon EkoSan 20 Fevriye
SOIL òganize tanzantan atelye pou montre SOIL sèvi ak teknoloji sanitasyon ekolojik (EkoSan) an Ayiti.
Fòmasyon sa gen ladan yon rezime de pwogram yo nou, kom pa egzamp: teknoloji ke nou sèvi, leson nou te aprann nan developman teknoloji sa, e pwopozisyon pou amelyore koman teknoloji sa ka aplike pi byen.
Atelye yo fèt nan Pòtopwens ak Òkap, e nou ofri yo nan anglè e kreyol an wotasyon. Sa vlé di: yon fwa an anglè e lot fwa an kreyol.
Enfòmasyon
Dat
Jedi, 20 Fevriye
8:30 am – 4:00 pm
Location
Randevou Guesthouse
Rue Empereur # 5, Delmas 33, Pòtopwens (Rue Empereur trouve li jis nan pwemiye ri a gòch apwe ti plas Delma 33)
Lang
Nou pral ofri atelye sa an kreyol.
Ajanda
8:30-12:30
Anrejistreman e byen vini
Entwodiksyon sou Sanitasyon Ekolojik ak SOIL
Twalèt Sèch: Plan Teknik, Konstwiksyon, Fòmasyon, ak Jesyon
Konpostaj ak Twalèt: Plan Teknik, Konstwiksyon, ak Operasyon pou Sit Konpòs
Sèvi Konpòs ak pipi nan Agrikilti
12:30-1:30
Poz manje, ak pataje lide youn ak lòt
1:00-4:00
Prezantasyon sijè ak fòmasyon atelye yo
Diskisyon
Evalyasyon ak mo remèsiman
Fre
Fre anrejistreman ak patisipasyon se $100 mériken. Li tou inkli ladan rafrechisman, kafe, ak dine (manje a midi) pou chak patisipan. Nou ka fè pèman an kach ou byen chèk, nan biwo SOIL ou byen nan matin nan sant fòmasyon an avan atelye-a komanse. Pou mande yon bousetid, tanpwi ranpli seksyon an apwopriye nan fòm anrejistreman.
Anrejistreman
Prezans yo limite. Tanpwi, ranpli fòm sa pou anrejistre e rezève plas ou: Fòm pou Anrejistreman.
Plis Kesyon?
Si ou genyen plis kesyon, tanpwi voye yon imèl nan [email protected].
Got something to say?