Yon ti chita pale ak “Entre Nous”: Yon Gwo Pwoblem an Ayiti – Anviwonman an
Degradasyon anviwomnan peyi Dayiti te atire atansyon jounalis Vladimir Laguerre ki te fe yon chita pale avek SOIL e Sakala, 2 oganizasyon kap travay pou pote soutyen nan lit pou yon anviwomnan ki pi sen.
SOIL ap travay depi lane 2006 an Ayiti nan domèn sanitasyon ekolojik kote li transfome deche imen a travè 2 pwogram li genyen ki se Ekolakay ak Konpos Lakay. Ak twalèt EkoLakay, SOIL kolekte deche ke li transfome an konpos. Sa bay anpil moun posibilite pou gen yon espas ijienik pou fe bezwen yo. Dapre yon kliyan, EkoLakay pote yon gwo solisyon pou moun pa fe bezwen nan sachè. Romel te rapote ke “gen moun ki gen twalèt flòch ki itilize twalèt EkoLakay la pito paske li vle adopte yon konpotman ekolojik ki responsab e vle pwoteje anviwonman”.
Daniel Tilias ki se direktè Sakala, youn nan manm bòd SOIL e ewo CNN pou ane 2019 te prezante bel travay kap fet nan komin site soley ki se yon katye popilè ki vilnerab anpil parapo a jan li pozisyone tou pre lanme kote li se yon kivet ki resezwa tout deche ak dlo ki soti depi nan mòn kenskòf. A travè jaden tap-tap, jèn nan komin site soley jwenn yon posibilite pou aprann sou agrikilti, e pwodui manje pou zon nan. Sakala ap travay tou sou proteksyon anviwonman pou reponn a pwoblem sanitè zòn site soley.
Sasha Kramer ki se ko-fondatè ak direktris egzekitif SOIL, te mansyone ke “SOIL resikle deche imen e transfomel an resous valab (konpos) ki ka itilize pou reforestasyon oubyen nan pwojè agrikilti.” Konpos SOIL pwodui natirelman, li pa gen okenn engredyen ki pou nwi anviwonman e li itilize pou plante nan jaden tap-tap tou. SOIL patisipe nan rebwazman nan peyi a, nan transfome deche an konpos e konpos sa itilize pou fe pepinye e plante pyebwa.
Romel te tre kontan reprezante SOIL nan ti pale sou anviwonman sa, li di li enpotan pou chak sitwayen pran angajman yo. Li te konkli emisyon an ak mesaj sa: “Nou dwe prezeve e pwoteje anviwonman, li ta nesese pou chak grenn moun reflechi sou finalite deche ke yap pwodui. Sa ap pouse chak moun adopte yon konpotman ekolojik responsab, e eseye gade kijan nou ka ede anviwonman. Li pa two ta, ann poze aksyon kap pemet nou pote chanjman”.
Ou ka gade tout entèvyou Vladimir Laguerre ak Entre Nous an la a.: Yon Gwo Pwoblem an Ayiti – Anviwonman an
Support SOIL
SOIL depends on individual donations from people like you to fund our lifesaving, earth-restoring sanitation services in Haiti. Please consider supporting SOIL today.
- SOIL provides dignified sanitation at PapJazz Jan 24, 2023
- SOIL Talks Trash (Magic) Jan 17, 2023
- Climate Mitigation: SOIL’s continuing partnership with Global Water Intelligence Jan 12, 2023
- Renewed hope in the new year and proud reflections of the past year Jan 4, 2023
- Sanitation. Dignity. Hope. Dec 20, 2022
- A conversation with SOIL’s Waste Treatment Manager, Sadouddly Michael Lambert Dec 7, 2022
- SOIL’s 2022 Annual Report Dec 7, 2022
- A conversation with SOIL’s Keurlit Charles Dec 1, 2022
- A Conversation with SOIL’s Human Resources Director, Wisner Jean-Louis Nov 23, 2022
- Making the Invisible Visible with CBSA’s Rémi Kaupp Nov 16, 2022
Got something to say?