Ajan Jesyon Kliyan
SOIL Haiti Avi Rekritman
Rezime:
SOIL fonde an Ayiti nan 2006 kòm yon repons a bezwen ki idantifye pa kominote a, ki enkli aksè a sanitasyon, amelyorasyon sekirite manje, kreyasyon travay, epi bati yon pi bon anviwonman. SOIL se yon ONG ki anrejistre an Ayiti epi li se yon 501c3 nan Ozetazini. Sèvis SOIL, ap bay kòm ONG, se ofri epi adrese bezwen sa yo nan yon pwosesis ekolojik pou transfome sa ki prezante yon pwoblèm sante piblik nan yon solisyon pou anviwonman an. Sèvis sanitasyon SOIL, ki se sèl opsyon sanitasyon ki byen jere nan Nò, enkli 2 modèl biznis ki konekte: sèvis twalèt ki se “EkoLakay”, epi yon pwogram “Konpostaj” pou trete dechè yo (ou ka wè videyo sa pou plis enfòmasyon).
Pou yon frè mansyèl, SOIL ofri yon sèvis twalèt ki rele “EkoLakay,” jiska prezan sèvi la pa gen pi plis pase 2500 fanmi nan zòn iben nan Nò Ayiti. Pou sèvis Ekolakay la, kliyan yo jwenn yon sistèm twalèt sèch ki fonksyone ak resipyan epi ki akonpanye pa yon sèvis koleksyon ki fèt regilyèman.
Tout dechè yo transpote nan yon sit trètman, kote li trete epi finalman transfòme nan yon konpòs ki swiv nòm ak estanda entenasyonal (OMS) pou elimine patojèn ki kapab prezan. Konpòs sa, ki rele ‘’ Konpos Lakay’’, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikòl la. SOIL ak ekip EkoLakay la genyen objektif pou agrandi sèvis la pou li rive jiska 8000 kliyan nan avni an.
Direksyon SOIL vle avèti tout moun ke li genyen yon pòs vid nan biwo Okap lap chache konble, tit pòs sa se Estajè Sèvis Kliyantèl
|
Tit Pòs la |
Ajan Jesyon Kliyan |
|
Nonb de pòs |
1 |
|
Lokal |
Okap |
|
Dire |
3 mwa |
|
Telefon Biwo |
(509) 2260 2888 // 4212-3636 |
|
Zòn entèvansyon |
Depatman Nò Ayiti |
|
Disponiblite |
Tan plen |
|
Dat piblikasyon |
8 Janvye 2024 |
|
Dat limit |
21 Janvye 2024 |