SOIL Fòmasyon EkoSan 28 Mas
[Read this information in English.]
SOIL òganize tanzantan atelye pou montre SOIL sèvi ak teknoloji sanitasyon ekolojik (EkoSan) an Ayiti.
Fòmasyon sa gen ladan yon rezime de pwogram yo nou, kom pa egzamp: teknoloji ke nou sèvi, leson nou te aprann nan developman teknoloji sa, e pwopozisyon pou amelyore koman teknoloji sa ka aplike pi byen.
Atelye yo fèt nan Pòtopwens ak Òkap, e nou ofri yo nan anglè e kreyol an wotasyon. Sa vlé di: yon fwa an anglè e lot fwa an kreyol.
Enfòmasyon
Dat
Vandredi, 28 Mas
8:00 am - 3:00 pm
Location
Route Grand Trou, Habitation Montagne Noir
3e Section Roucou, Commune Limonade
Lang
Nou pral ofri atelye sa an kreyol.
Ajanda
8:00-12:00
Anrejistreman e byen vini
Entwodiksyon sou Sanitasyon Ekolojik ak SOIL
Twalèt EkoSan Yo
Sistèm konpostaj
Aplikasyon konpòs ak pipi nan agrikilti
12:00-1:00
Poz manje, ak pataje lide youn ak lòt
1:00-3:00
Prezantasyon sijè ak fòmasyon atelye yo
Diskisyon
Vizite sit yo
Evalyasyon ak mo remèsiman
Fre
Fre anrejistreman ak patisipasyon se $100 mériken. Li tou inkli ladan rafrechisman, kafe, ak dine (manje a midi) pou chak patisipan. Nou ka fè pèman an kach ou byen chèk, nan biwo SOIL ou byen nan matin nan sant fòmasyon an avan atelye-a komanse. Pou mande yon bousetid, tanpwi ranpli seksyon an apwopriye nan fòm anrejistreman.
Anrejistreman
Prezans yo limite. Tanpwi, ranpli fòm sa pou anrejistre e rezève plas ou: Fòm pou Anrejistreman.
Plis Kesyon?
Si ou genyen plis kesyon, tanpwi voye yon imèl nan [email protected].