SOIL Haiti 2 October 2026

Entèvyou ak Jean Bernard, Nouvo Konsiltan Rèchech SOIL la

Image
Jean Bernard Durone

 

Jean Bernard Durone antre nan SOIL ane sa a kòm Konsiltan IT ak Rechèch, e li pote fòmasyon li nan agwonomi ak analiz done nan travay SOIL. Ansyen boursye pwogram UHELP, Jean Bernard ap fè doktora li kounye a nan Kanada. Nou te pale avè l apre tan li te pase ak ekip la nan Tilari ak Mouchinette, sou pakou li, patenarya UHELP la, ak vizyon li pou agrikilti ak sanitasyon ann Ayiti.

Èske ou ka pale nou de tèt ou ak etid ou yo?

Mwen se agwonòm de fòmasyon. Mwen te kòmanse etid mwen ann Ayiti nan Inivèsite Kiskeya, kote m te etidye agwonomi. Apre sa, mwen te ale an Frans pou m fè yon metriz nan agwonomi. Mwen te toujou renmen tout sa ki gen rapò ak done, kidonk mwen te fè yon dezyèm metriz nan analiz done, an Frans tou. Kounye a, mwen nan Kanada ap swiv etid doktora mwen nan yon domèn ki gen rapò ak entèlijans agrikòl.

Kisa ki te fè w enterese nan SOIL?

Travay SOIL ap fè ann Ayiti, kote li transfòme dechè twalèt an konpòs, reponn yon pwoblèm ki reyèl. Nan anpil kote nan peyi a, moun pa gen aksè ak twalèt, sa ki gen konsekans sou anviwònman an e ki polye dlo moun bwè. Men SOIL pa sèlman rezoud yon pwoblèm anviwònmantal. Dechè sa yo vin tounen konpòs, e konpòs se youn nan eleman ki pi enpòtan nan agrikilti, kidonk SOIL kontribye tou nan fètilite tè a. Antanke agwonòm e antanke Ayisyen, se sa ki te motive m pou m rejwenn ekip la.

Anpil manadjè SOIL soti nan pwogram UHELP la. Antanke yon ansyen boursye UHELP ou menm, poukisa ou panse patenarya sa a mache tèlman byen?

Antanke boursye, nou jwenn konpetans non sèlman nan inivèsite a, men nan UHELP tou. Anplis li peye inivèsite a pou nou, UHELP fòme nou nan enfòmatik, nan lidèchip ak nan anglè. Men ann Ayiti, antrepriz pa toujou ban nou opòtinite pou nou mete konpetans sa yo an aplikasyon pandan nou toujou lekòl. SOIL ban nou chans sa a nan yon milye pwofesyonèl. Estajyè yo rive ak konpetans, men pafwa yo manke eksperyans travay, e SOIL konplete sa yo te aprann nan inivèsite a.

Anpil etidyan UHELP deja pataje filozofi SOIL la tou. Nan UHELP, nou patisipe nan pwojè ki gen rapò ak asenisman ak netwayaj, kidonk nou deja gen yon baz nan travay sa a lè nou rive. Se pou sa patenarya a mache tèlman byen.

Antanke yon moun nan dyaspora a ou menm, kijan ou wè jèn pwofesyonèl ayisyen yo, lakay kou lòt bò dlo, ap kontribye pou bati fondasyon peyi a?

Youn nan fason ki pi enpòtan nou ka kontribye se fòme lòt jèn. Nan UHELP, nou devlope lidèchip, men nou aprann fòme lòt moun tou. Se pa tout jèn ann Ayiti ki gen chans antre nan UHELP oswa nan inivèsite, kidonk yon pati nan wòl nou se ede fòme sitwayen sa yo. Lè etidyan gen difikilte pou yo fini memwa yo oswa travay fen etid yo, nou akonpaye yo pou yo ka kontinye avanse.

Lè nou menm ki soti nan UHELP mete konpetans nou ansanm (mwen se agwonòm, e mwen gen kolèg ki se manadjè, ki se enjenyè), nou ka abòde pwoblèm konplèks yo yon fason ki pi global e ki pi efikas. Si nou vle bati Ayiti, fòme jèn se youn nan eleman ki pi enpòtan.

Ou fèk pase twa semèn ak ekip la nan Tilari ak Mouchinette. Kijan eksperyans sa a te ye?

Se te yon eksperyans vrèman ekstraòdinè. Nan Tilari ak Mouchinette, mwen jwenn kolèg ki te pare e ki te disponib pou ede m. Mwen te nouvo nan pòs la, e te gen kèk bagay mwen pa t konnen toujou. Mwen te toujou ka poze kesyon ki te ede m konprann e avanse nan travay mwen.

Sa ki te make m plis se fason tout moun travay ansanm, nan diferan aktivite sou sit la ak nan tout depatman yo. Mwen te kontan tou patisipe nan travay la depi kòmansman rive nan bout, depi vidanj rive jis nan konpòs final la nan Mouchinette. Kounye a ke m pa la, mwen rete an kontak ak ekip la pa Slack, imèl ak WhatsApp. Mwen kontinye aprann nan men yo, e yo aprann nan men m tou.

Antanke yon moun ki panse an tèm sistèm, ki espwa ou genyen pou avni sektè agrikilti ak sanitasyon ann Ayiti, e kijan ou wè travay SOIL la ap kontribye?

Sanitasyon se yon pwoblèm nou toujou ap pale de li, men nou pa toujou wè lòt enstitisyon ak gouvènman an enplike nan nivo yo ta dwe ye a. SOIL se youn nan sèl òganizasyon mwen konnen k ap fè travay sa a ann Ayiti, e li deja fè yon gwo travay. Men gen kèk zòn li poko touche. Mwen swete yon jou vizyon SOIL la ka rive touche tout ti kwen nan peyi a.

Nan agrikilti, mwen swete SOIL vin yon sous angrè biyolojik pou tout Ayiti. Etid montre angrè chimik ka gen konsekans sou moun k ap itilize yo, e moun pa toujou konnen kijan pou yo itilize yo ni ki dòz pou yo mete. Konpòs ki soti nan dechè ki byen trete gen anpil mwens enpak sou sante moun ak sou kou dlo yo. Mwen swete SOIL kontinye se referans ann Ayiti pou transfòme dechè twalèt an konpòs, e pou kiltivatè toupatou nan peyi a ka itilize konpòs SOIL la [Konpòs Lakay] pou amelyore fètilite tè yo. Avèk bon tè ak bon konpòs, Ayiti ka pwodui manje pa l e vin otonòm nan agrikilti.

Poukisa travay SOIL la enpòtan pou ou persònèlman?

Sanitasyon se yon pwoblèm reyèl ann Ayiti, pa sèlman andeyò, men menm nan Pòtoprens ak lòt gwo vil. Pafwa moun pa gen mwayen pou yo fè twalèt, oswa twalèt yo genyen yo plen byen vit. SOIL ap travay pou rezoud pwoblèm sa a, e rezilta yo deja konkrè: kantite moun ki benefisye sèvis [EkoLakay] la, kantite twalèt yo, ak kantite konpòs yo deja pwodui. Enpak la reyèl.

Lòt aspè ki enterese m se rechèch, paske m ap fè doktora. SOIL gen yon ekip rechèch ki dinamik, ki gen entegrite, e mwen gen chans toujou an kominikasyon avè yo. SOIL fè rechèch operasyonèl pou pwòp travay li, men tou rechèch ki kontribye nan avansman syans. Se tout aspè sa yo ki te fè travay SOIL la tèlman enteresan pou mwen.

Èske gen lòt bagay ou ta renmen ajoute?

Chak fwa m ap pale ak kolèg oswa ak lòt moun ki nan antouraj SOIL, mwen ta ka pale pandan lontan, paske franchman, nan tout òganizasyon mwen te travay ladan yo, SOIL se youn mwen renmen anpil pou m travay ladan l. Mwen vrèman kontan pou tout sa n ap fè ansanm.

Blog Archive