Enpak Done: Asosye Rechèch SOIL sou Elajisman Sanitasyon nan Okap
Sèvis sanitasyon EkoLakay SOIL la toujou gen baz sou prèv syantifik ak rechèch, epi nan kè ekip rechèch nou an genyen asosye Bridj Ozeris ak Miselie Fanor Pierre. Tou de mete anpil tan ak pasyon nan ede ekip operasyon nou an amelyore sèvis EkoLakay la, e nou te chita ansanm avèk yo nan biwo SOIL pou tande refleksyon yo sou aktivite rechèch SOIL ap mennen yo.
Poukisa ou pèsonèlman te vle patisipe nan rechèch ak SOIL?
Miselie: Rechèch enterese m anpil paske li pèmèt mwen travay pwòch ak moun ki pi vilnerab yo—espesyalman kominote kap konfwonte gwo difikilte chak jou pou jwenn sèvis debaz yo. Mwen vle fè pati yon estrikti ki ka pote solisyon reyèl.
Bridj: Aprè m te fin etidye nan inivèsite, mwen te konnen m te vle konsantre m sou rechèch. Mwen te deja aprann sou sanitasyon ekolojik ak sou SOIL, e mwen te vle fouye pi fon. Antre nan ekip SOIL la se te yon bèl opòtinite pou kontinye aprann pandan m ap kontribye nan travay enpòtan.
Ki pi gwo bagay ou aprann jiska kounye a nan rechèch SOIL ap fè a?
Miselie: Mwen aprann, an reyalite, anpil moun pa alèz vre pou yo poupou atè. Yo itilize pratik sa a paske yo pa gen mwayen pou yo konstwi yon twalèt. Se youn nan rezon ki fè yo anbrase opòtinite SOIL ofri yo pou yo itilize pwòp twalèt yo lakay yo, san yo pa bezwen depanse anpil lajan, ni deplase al poupou yon kote yo pa santi yo an sekirite.
Bridj: Anvan mwen te rantre nan ekip rechèch SOIL la, mwen te konn wè kijan jere Kaka te yon gwo defi nan Okap, aprè lapli moun oblije mache pridan pou pa mache sou sachè kaka ki sou wout yo. Avèk rechèch SOIL, mwen aprann kijan li enpòtan pou konekte reyalite kominote yo ak solisyon moun yo vrèman bezwen.
Ki jan rechèch ede amelyore sèvis EkoLakay pou kliyan yo?
Miselie: Rechèch ban nou posiblite pou amelyore sèvis la ti kras pa ti kras. Li ede nou konprann nesesite reyèl moun yo, sa ki ka mache pou yo, ak sa ki pap mache, sa ki pèmèt nou ofri yon sèvis ki adapte a bezwen reyèl yo.
Bridj: Ekip nou an pase tan nan kominote a, koute moun yo. Nou poze kesyon pou wè si sèvis la satisfè bezwen yo e kijan pou nou fè l pi bon. Fidbak sa ede EkoLakay vin pi bon ak pi enpòtan pou kliyan yo.
Ki pi gwo defi nan koleksyon oswa analiz done yo?
Miselie: Kolekte done fyab se pa yon bagay ki fasil. Pafwa moun ezite pataje enfòmasyon pèsonèl yo, sa ki lakoz done nou jwenn yo ka pa fin reflete reyalite a nèt. Lè konsa, nou eseye poze kesyon ki ka ede nou pwoche pi pre reyalite lavi moun yo. Kòlèk done yo reflete rezilta analiz yo. Se sak fè nou fè anpil efò pou nou jwenn done de kalite.
Bridj: Avèk gwoup diskisyon yo sitou, li konn difisil pou mezire kalite ak presizyon repons yo. Sa toujou rete yon gwo defi.
Nan lavni, ki kesyon rechèch ou ta renmen SOIL eksplore pou soutni pi byen travay la?
Miselie: Mwen ta renmen yo konsantre plis sou fanmi ki gen timoun ak sou moun ki gen mwens mwayen pou peye sèvis la, pou nou konprann kijan nou ka elaji EkoLakay pou rive jwenn yo.
Bridj: Mwen ta renmen fouye pi fon sou satisfaksyon kliyan yo e kijan pou konekte plis moun ak sèvis la. Optimize chemen transpò yo, pa egzanp, ka ede nou sèvi plis katye pi efikas.
Pandan sèvis sanitasyon SOIL la ap kontinye grandi, enpòtans rechèch la ap grandi tou, paske li ede nou konprann epi amelyore enpak SOIL sou lavi moun yo. Nou vrèman rekonesan anvè Bridj ak Miselie pou devouman ak enèji yo pote nan travay sa a chak jou.
Ou menm tou ka ede soutni epi elaji aktivite rechèch SOIL yo lè ou vin yon Kiltivatè SOIL — yon donatè chak mwa ki angajman li alimante inovasyon ak solisyon ki baze sou prèv, pou elaji aksè ak sèvis sanitasyon ki an sekirite ak ki respekte diyite moun nan tout peyi Ayiti.