SOIL Anonse Konferans Nasyonal Asenisman 2012
Tanpri vin patisipe nan premye Konferans Nasyonal Asenisman nan Pòtoprens nan Madi ak Mèkredi, 12-13 Jen 2012. (English version.)
Nan dènye 2 ane, plizyè òganizasyon inisye proje isit an Ayiti, ak twalèt konpostaj e systèm biolojik, nan yon efò pou transfòme matyè fekal imen nan yon resous ki gen valè. Lè nou konsidere ogmantasyon entere nan teknoloji inovatè pou transfòme deche, gen yon gwo bezwen pou pataje enfòmasyon pami ONG e gouvènman ayisyen, e pou kreye e ranfòse norm/règ nasyonal pou asire ke santé piblik proteje.
Yon pati de aktivite edikasyon, sansibilizasyon e relasyon kominotè SOIL, ke n ap reyalize ak sipò UNICEF, se òganizasyon evènman sa, pou rasanble e raproche òganizasyon, manm kominotè, e reprezantan gouvènmantal, ki enterese nan inisyatif asenisman dirab an Ayiti.
Agenda
- Yon sentèz Strateji Nasyonal Asenisman, ke Direksyon Asenisman (DA) nan DINEPA ap prezante
- Prezantasyon “leson ke nou aprann”, de proje anteryè, e proje asenisman dirab an Ayiti
- Atelye yo te fokalize sou diferan konpozan asenisman dirab
- Retou enfòmasyon pati prenan
- Yon foròm ki ouvè pou diskite Règ Nasyonal pou Twalèt Konpostaj e Biogas
- Prodiksyon yon dokiman piblik ki pral rezime konklizyon konferans

Yon inogirasyon twalèt (yon evènman edikasyon selebre ouvèti a nan yon nouvo twalèt) nan Sant Dumorney de Refuge, Pòtoprens.
Tanpri RSVP
Si ou enterese patisipe, tanpri fè nou konnen ([email protected]), e n’ap voye ou yon fòmilè enskripsyon ak plis enfòmasyon. Nou mande chak patisipan yon kotizasyon US$25 pou patisipe nan konferans pandan 2 jou. Kotizasyon sa ap kouvri manje midi madi e mèkredi. Men nou p ap refize antre pèsòn moun ki pa an mezi pou l peye. Si kotizasyon nou mande se yon problèm pou ou, voye yon mesaj par e-mail ba nou dirèkteman.
Prezantatè
Pou moun ki enterese prezante nan Konferans lan, tanpri fè nou konnen pi vit posib. N ap komanse resevwa brèf abreje, rezime e sentèz prezantasyon nan mwa d me, e n ap mande pou fè visit proje, si posib.
Got something to say?